Ayiti-Kowonaviris
"Diferans ant karantèn, izolman ak konfinman."
Nan moman kote enfòmasyon sou pandemi kovid-19 la anvayi medya ak rezo sosyal yo, li enpòtan pou itilize tèm kòrèk yo epi konprann diferans ki genyen ant yo.
Izòlman, Karantèn, Konfinman se 3 pami mo moun plis repete nan moman. Ou konnen kilè pou itilize yo ?
KARANTÈN
karantèn se lè responsab yo sispèk yon moun gen sentom Kovid-19 la epi yo mete l yon kote pou yo swiv li.
IZÒLMAN
- Yon moun ki nan izolman se lè li gen maladi a menm epi responsab lasante deside mete li yon kote apa, kote menm fanmi l, zanmi l, pap ka gen kontak ak li. Se sèlman ajan sanitè ki gen aksè pou sa ki ka gen kontak ak li.
KONFINMAN
- Yon moun ki nan konfinman se lè li rete lakay li sou lòd otorite yo nan lide pou yo pa ni trape viris lan ni transmèt li.
Ann kwape Kowonaviris la !
Don Waty BATHELMY
Ekonomis, Blògè.
donwatybathelmy@gmail.com
Commentaires
Enregistrer un commentaire