« Ayiti pa "PARADIS" paske ayisyen pa "SAINT" ! »
Yon peyi kote moun ap priye BonDye pou ED'H bay kouran pandan nou nan 21e syèk; sa son wont !
Yon peyi kote majorite a pa gen lavi san Jezi.
Yon peyi kote majorite a pap viv vre, yo jis egziste.
Yon peyi kote moun plis ap chèche konfò nan lamizè olye yo kanpe kont sa; yo prefere di : « pito yo lèd yo la ! »
Yon peyi kote pa gen inyon, yo plis kwè nan pawòl ki di : « depi nan ginen nèg rayi nèg ! »
Yon peyi kote nou plis vote moun pou slogan e non pou pwojè.
Yon peyi kote jodi a nap di viv epi demen nap di aba.
Yon peyi kote sila ki te “bourreau hier” a se li ki “donneur de leçons” jodi a.
Yon peyi kote yap di se Jenès la ki avni'l epi se nou yo fè plis mal.
Yon peyi kote nèg la gen 40 ans ap travay nan yon bwat leta, ki pa vle pran retrèt nan lide pou bare jèn yo ; avni peyi a ke nou di yo ye a, kotel ???
Yon peyi kote sèl sa yo kite bay Jenès la se vann pap padap, vann bòlèt, travay nan biwo paryaj pam, nan biwo mon cash..., poutan yo ka fè plis.
Yon peyi kote yon viza se yon mirak li ye pou majorite a.
Yon peyi kote lavi moun pa gen valè; menm dwa sa yo retire'l nan nou.
Yon peyi kote yo fè'n kwè ke fè anpil pitit se richès, poutan n pa menm k okipe yo.
Yon peyi kote kòripsyon se tankou yon dwa li ye, tankou yon obligasyon; paske nèg isit pa janm peye pou sa.
Yon peyi kote nèg isit fè gè lè yo vle e kanpe'l lè yo vle.
Yon peyi kote nèg ap vann diyite yo pou 1000 goud.
Yon peyi chak lè yon gouvènman tonbe, se richès peyi a ki pran kou tèlman yo piye'l.
Yon peyi...
Yon peyi???
Ayiti pa "PARADIS" paske ayisyen pa "SAINT" !
Men, map raple nou ke : « kreyon listwa pa janm gen gòm ! »
Don Waty BATHELMY
Ekonomis, Blògè.
donwatybathelmy257.blogspot.com
WhatsApp : ;+509 3155 8862
Commentaires
Enregistrer un commentaire