Èske si eleksyon an fèt lap favorab pou PHTK ?
Lè n konsidere Goud la kap pran valè, kèk zòn ki pat gen kouran ki kòmanse genyen, pri kèk pwodui ki kòmanse desann, pasifikasyon gang yo; èske eleksyon an posib ? èske lap favorab pou PHTK ?
Pou yon eleksyon fèt gen kèk eleman ke nou dwe konsidere :
1- èske gen yon lwa oubyen yon dekrè elektoral ki defini pou sa ? ;
2- èske gen yon katografi elektoral ki defini ? ;
3- èske gen yon peryòd elektoral ki defini ? ;
4- èske gen yon peryòd pou kanpay ki ka defini lè n gade nivo ensekirite ke nou gen la ? ;
5- èske gen lajan ki disponib pou sa ? ;
6- èske eleksyon sa ap posib lè n konsidere ke gen 2 kat idantifikasyon ki disponib sou mache a ? ;
7- èske pèp la ap pran lari ankò pou al vote lè nou konsidere nivo ensekirite a e fason pèp la vin konprann politik ayisyèn lan ? ...
Èske eleksyon an posib ?
Anpil moun, sitou opozisyon yo, ap di ke eleksyon an pap posib ak pouvwa sa ki gen la alòske anpil nan yo kòmanse kreye pwòp pati politik yo , anpil divizyon kòmanse fèt anndan kèk sektè nan opozisyon yo.
Si eleksyon an pap posib, si nou pa pral nan eleksyon ak pouvwa sa, pouki kreyasyon tout pati politik sa yo ? Sa montre ke nou gen yon opozisyon ki opoze ak politik PHTK e ki opoze tou ak politik chak grenn manm ki fè pati de group yo a.
Eleksyon an ka enposib pou sèlman 2 rezon :
a- 2 kat idantifikasyon nasyonal ki sou mache a ;
b- nivo ensekirite ke nou gen la. Chak jou ou tande yon moun mouri; wap mache nan lari, ou chita lakay ou, kè w pa anpè. Li klè si sa rete konsa, eleksyon an rete enposib.
Si gen chanjman, li posib pou eleksyon an fèt.
Men kounya èske fèt eleksyon an ap fèt la vle di lap favorab pou PHTK ?
Dènye jou sa yo, li klè ke PHTK ap prepare pou eleksyon an. Goud la ki kòmanse pran valè, pri kèk pwodui ki desann, kèk zòn ki pat gen kouran ki kòmanse genyen… E lap difisil pou yo gaspiye dènye tan yo rete sou pouvwa, men fòn pa inyore tou pwa ke lòt pati pral gen pou genyen nan eleksyon an epitou tandans pèp la. Selon konsta nou fè, anpil moun gentan konn kimoun yo pral vote pou Prezidan si eleksyon an ta rive fèt.
Pou moun ki pral gen pou vote yo, manyen chanje strateji. Evite vote yon moun pou bèl slogan, analize pito sal gen nan dyakout li, sa lap gen pou l vin regle pandan manda l la.
Don Waty BATHELMY, Ekonomis, Blògè, Redaktè.
donwatybathelmy257.blogspot.com
WhatsApp : +509 31 55 88 62
Commentaires
Enregistrer un commentaire